Tuesday, May 26, 2009

Imigrasyon/Ayiti /Etazini/Imigre Ayisyen yo kontinye mobilize pou TPS la


Depi aprè Sekretè dEta ameriken an, Hillary Clinton, pandan yon vizit an Ayiti te deklare ke gouvènman ameriken an ap etidye posibilite pou bay konpatriyòt ayisyen yo, ki te rantre nan peyi Etazini avan ke prezidan Obama te monte sou pouvwa a (20 janvye 2009), TPS la ( sa vle di estati moun ki pwoteje pou yon bout tan sou teritwa ameriken an) okenn desizyon oubyen kominike poko soti bò Washington.




Aktivis ayisyen ak kèk palemantè ameriken ki pa janm bouke defann dwa imigre ayisyen yo kontinye ap egzije TPS la. Aprè plizyè mobilizasyon nan lari New York ak Miami, jounen jodi a se gwo mobilizasyon kap fèt nan West Palm Beach kote tout moun mete men pou yon gwo manifestasyon devan kongrè ameriken an, nan Washington. Depi kèk jou, plizyè asosiyasyon ak sitwayen ap patisipe nan yon gwo maraton pou lwe bis pou ale ak plizyè santèn moun nan kapital federal la.

Pou yo, se ap "yon gwo ouvèti pou plis aktivis, politisyen ak lòt gwoup kap lite nan domèn imigrasyon an rive sansibilize sou kesyon TPS la pou ayisyen yo. Men tou, se ap plis presyon sou administrasyon Obama a".

Aktivis yo jwenn anpil sipò bò kote medya tankou NY Times, New York Daily News, Washington Post ak CNN pou nou site sila yo sèlman; Genyen tou kèk gòganizasyon tankou US Conference of Catholic Bishops, the NAACP, the National Immigration Forum ak yon pakèt lòt kowalisyon nan kesyon imigrasyon. Epi tou, genyen 40 lòt palemantè ki rive siyen pwopozisyon lwa TPS pou ayisyen ke reprezantan Alcee Hastings (Demokrat-Florida) te soumèt ak paleman ameriken an.

Nap raple ke jou ki te 16 fevriye 2009 la, otorite imigrasyon (U.S. Immigration and Customs Enforcement) nan Etazini te pran desizyon pou repedale ak pwosesis depòtasyon yo nan peyi a. Genyen 30, 299 imigre ayisyen ki anba pwosesis sa a, san konte 598 ki nan prizon ak 243 ke yap siveye nan kay yo.




Miami-Dade leve kanpe

Nan Miami, prezidan Dennis C. Moss ak Komisyone yo nan Konte a mande Prezidan Obama pou li bay imigran Ayisyen yo estati pwoteksyon tanporè a. Yon jou avan fèt drapo ayisyen an, jou 17 mas la, Dennis C. Moss ak tout Komisyon Konte an okonplè te adrese yon lèt a Prezidan Barack Obama, ki mande li "aji kounyeya pou bay tretman jis ak ekitab a tout imigran yo nan kominote nou an."

Nan lèt sa a, ofisyèl yo nan Konte Miami-Dade raple prezidan an ke yo te angaje yo anpil nan ede zile a konbat plizyè kriz an 2008. Te genyen manifestasyon an Ayiti nan mwa davril ane dènyè lè pri manje an te monte mondyalman, sa ki te fè anpil moun sou zile a rete san manje pandan plizyè jou. Pi devan nan mwa dete yo, Ayiti pran frap nan men kat gwo siklòn. De santèn moun te mouri, ak de milye te rete sanzabri apre tanpèt yo. Fwaye yo, enfrastrikti, ak danre yo te detwi tou.

"Nan eta mwen wè moun yo ap viv an Ayiti an mwen kapab dekri ke yo nan povrete absoli ", Prezidan Moss tap esplike. "Genyen Ayisyen kap viv san okenn twati anlè tèt yo, san elektrisite, san dlo dlo potab, epi yo tonbe nan manje labou pou yo siviv. Komisyon Konte an pa kapab an tout konsyans kite imigran Ayisyen ki deja nan kominote nou an retounen nan kondisyon mizè sa yo. Genyen yon vrè bezwen pou yo bay Ayisyen yo yon azil [ki pwoteje yo pou yon moman] epi mwen swete ke Prezidan Obama vrèman konprann obligasyon sa a."

Bò kote pal, reveran Doktè Harold Vieux, prezidan Asanble Relasyon Kominotè Konte Miami-Dade fè konnen: "Li deja byen klè ke pa genyen ase enfrastrikti ak resous andedan Ayiti menm ki pou sipòte yon gwo kantite depòte dèzetaziniNi de moun ki an Ayiti ki yo menm pa kapab tann pou yo jwenn chans pou yo mete vi yo an danje sou travèse lanmè danjere".

"Ayiti devaste kidonk li vreman imoral pou fòse moun ki deja nan kominote sa a retounen pou ale viv nan kondisyon sa yo. Lè peyi Etazini te bay Ayisyen yo amnesti nan ane ki pase yo, pat janm genyen okenn gwo egzòd pèp ki te kite zile a. Moun riske vi yo lè yo pèdi tout espwa. Bay TPS la ak refijye ki aktyèlman Ozetazini, sa va yon sous de gwo èd ak konfò a pèp Ayisyen an," pawòl Rev. Dr. Vieux.

No comments:

Post a Comment