Monday, August 24, 2009

Yon vòt sal an ti komik

Prezidan Preval genyen. Gen moun ki di se tris ke pandan manda li a, se nan batay sila a yo plis santi angajman pèsonèl li, detèminasyon l. 125 goud, 200 goud, se te yon batay ranje. Ala sa ta dwòl si pi gwo souvni listwa ta kenbe sou prezidan Preval, se viktwa sa. Yon viktwa pou kilès? Yon viktwa sou kilès?

Men kite Prezidan pran Palman. Prezidan an achte yon kòz, se dwa l, se selon konviksyon l ak konsyans li. Li pran reskonsablite l devan listwa. Men ki zouti viktwa sa a ? Yon kolonn depite yo rele depite ti jwèt, depite yoyo. Chanm depite a ekri lwa li, adopte lwa li, vote annapre rapò yon komisyon ki an kontradiksyon ak lwa li a, pi lwen li vote objeksyon prezidan repiblik la ki pi andezakò ak lwa li te vote a ke rapò li te adopte a. Sa a pa gen sans. Sa a endiy. Sa a lèd. Sa a, se yon wont san non. Pran yon enstitisyon Leta, fè l tounen yon kanbiz kote wi egal non non egal wi, kote eli pèp la peye ak swè l vire pi vit pase topi, woule de bò, se pa serye.

Viktwa politik Prezidan Preval la, enstitisyon palmantè a ap peye l chè. Ki konfyans sitwayen yo ka genyen nan yon asanble ki chanje pozisyon twa fwa nan kèk semèn ? Ki konfyans depite ki serye yo kapab fè de kolèg ki di yo oui, men ki di lòt moun non, ki mawon tan pou yo pran pozisyon ? Ki konfyans ou ka fè yon enstitisyon ki ofè tout yon peyi yon espektak ti komik, yon fas ki nan jan pa l pi dwòl pase yon teyat Langichat oswa Jesifra ? Se politik sal ki fèt san dizon.

125 goud la genyen, men se pa travayè yo sèlman ki pèdi yon ogmantasyon salè ki pi konfòm ak bezwen yo, se pa depite ki kenbe konviksyon yo ase ki pèdi, se peyi a ki pèdi, se chanm depite a ki pase pwòp tèt pa l anba betiz. Pentèt yon jou, listwa va bay sekrè pèsonèl ki kache dèyè vòt sekrè sa a.

Pèsonèlman, mwen pa ka konprann lajwa lakontantman ki parèt sou figi sèten depite apre vòt la tonbe. 75 goud an mwens pou travayè yo. Ann admèt ou panse onètman 75 goud an mwens ke sa kòlèg ou yo te mande, ke sa ou menm ou te mande, pi bon pou peyi a, pa respè pou travayè yo, pa respè pou malere ak malerèz ki te vote pou ou yo, ou pa t oblije griyen dan w.

Jodi a peyi a nan yon kafou. Tradisyonèlman Leta ayisyen te yon Leta ki t ap travay kont nasyon an. Pouvwa ekonomik la fonksyone trankil, Leta pa anmède l. Nan menm tan Leta pa bay popilsayon an sèvis, pa mete lòd ni kontwòl e pa fè anyen pou amelyore kondisyon lavi majorite popilasyon an. Ak plis demokrasi, yo te ka kwè t ap genyen chanjman. Vòt chanm depite a pa p ede kwè Leta ap chanje.

Nan tèt moun ki bezwen chanjman yo rete de solisyon : swa chanje moun ki reprezante yo ak moun ki nan tèt Leta a, swa rejete solisyon lit enstitisyonèl la pou pran lòt chemen, paske yo ka jije enstitisyon y oba yo twòp kou ba. E si yo pran lòt chemen, pesonn pa konnen kote sa ka mennen.


Lionel Trouillot, Le Matin Haïti

No comments:

Post a Comment